Photography
Official Obituary of

Christera Guerrier

April 12, 1952 ~ October 9, 2019 (age 67) 67 Years Old

Christera Guerrier Obituary

 

Chistéra GUERRIER (Frè Krisnò) fèt nan dat 12 Avril 1952 baradè, komin ki nan depatman Nip peyi Dayiti. Li se pitit Ylamène DERIVAL ak MalèveGUERRIER e l sòti nan fanmi sa ki gen 4 timoun : Dieuseul, Chistéra (Frè Krisnò) Ercilia ak Manoir GUERRIER.

Frè Krisnò se te yon moun ki te distenge li pa jantiyès li, kalm li, serenite l, imilite l, kouraj li ak sans responsabilite l. Se moun ki gen kapasite pou viv ak tout tip moun e ki gen ase fòs ak kouraj pou li sipòte tout moun. Pou l te kapab vole ak pwòp zèl li, Frè Krisnò ki te kiltivatè te blije kite kay manman l ak papa l baradè, pou l vin enstale li pòtoprens kay yon kouzen li li renmen anpil ki rele Yril Monplaisir. Se la tou, Bondye ta pral pèmèt li jwenn youn nan pi gwo benediksyon lavi l ki se Madanm li Marie Gislhaine CLERGÉ.

Aprè yo fin rankontre, anpil bagay te atire youn lakay lòt, men lanmou yo youn pou lòt pou Bondye te jwe yon wòl detèminan. Yo vin renmen epi marye ansanm an me 1986, ansanm yo fè 3 timoun ki se : Anne Junie, Daphnée ak Clinederson GUERRIER. 2 premye pitit li yo vin marye e fè li gen jodia 5 pitit pitit : 3 bò kote Anne Junie GUERRIER ki se Aaliyah, Lawrence ak Joyce ST-CYR epi 2 bò kote Daphnée GUERRIER ki se Jerj ak Laettitia ELIACIN.

Sitwayen onèt ak serye, papa modèl nan devouman l pou fanmi l, sèvitè Bondye, Frè Krisnò se te moun ki te konn pale ak tout moun e ki te konn sakrifye anpil tan nan prezans Bondye pou antouraj li. Byenveyans li pa gen egal, serye li, kapasite pou l fè konsesyon pou yon majorite se kalite ki te fè li se yon bon kolaboratè.

Nan 2èm mwatye lanne 2018, li ta pral kòmanse santi kèk doulè, malèz ki, anviwon yon lanne aprè ta pral etenn souf li jou ki te 9 Oktòb la a 10è17 nan maten nan peyi Etazini. Si jodia, maladi gen rezon sou kò fizik li, nou konnen espirityèlman se yon sòlda ki ap repoze l e tann apèl papa l pou l al jwenn li nan syèl. Si jodia Frè Krisnò p ap ak nou fizikman, nou p ap janm bliye sèvitè sa, sitwayen sa ki pa te janm nan diskisyon ak pèsonn, trè pezib e ki pa moman te konn renmen fè blag.

Si jodia fizikman li p ap la, men panse li yo, pèsonalite l, zèv li yo ap toujou fè l rete vivan nan memwa nou e fanmi li, madanm ak pitit li, plis pitit pitit li ap toujou fè n sonje kijan latè te gen chans gen nan zantray li yon moun tankou l.

Ak tout fanmi an, frè l ak sè l yo, zanmi l, madanm li, pitit li, pitit pitit li, nou swete nou kouraj e kontinye batay pou onore memwa li.

Friends and family have shared their relationship to show their support.
How do you know Christera Guerrier?
We are sorry for your loss.
Help others honor Christera's memory.
Email
Print
Copy

Services

24 Hour Viewing
Saturday
October 26, 2019

9:00 AM
Christ Sanctified Church
5717 N. Pine Hills Rd.
Orlando, FL 32810

Funeral Service
Saturday
October 26, 2019

10:00 AM
Christ Sanctified Church
5717 N. Pine Hills Rd.
Orlando, FL 32810

SHARE OBITUARY

© 2024 Pax-Villa USA Funeral Homes. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility