Send a Gift
Friday, February 24, 2023
7:00 - 9:00 pm (Eastern time)
Saturday, February 25, 2023
Starts at 12:00 pm (Eastern time)
Saturday, February 25, 2023
Gen yon ekriven ki rele Maurice Maeterlinck ki di ke: « lanmo se yon fòm de vi ke nou poko konprann e li tap bon poun ta kòmanse wèl menm jan ak nesans ». Sa vle di ak menm kontantman tankou jou moun nan te fèt la.
Jodia nou reyini pou nou selebre lavi Bazil Altidor ki kite nou trò bonè. Nan yon moman ke youn nan nou pat atann. Pèt sa ap kite yon gou amè kou fyèl nan bouch tout fanmi ak zanmi’l yo.
Bazil ALTIDOR te fèt nan vil Leyogan nan lane 1946. Papal te rele Walter ALTIDOR e manmanl te rele Marianne JEAN-PAUL. Li kite deyè 15 pitit. 7 gason ak 8 fi. Li te yon gwo kapitèn, yon plonjè san parèy. Yon epòk youn nan pi bon nan karayib la . Li te yon referans nan zòn li nan domèn pal la . Esperyans li kòm plonjè rete yon mit . Pou tout moun nan kominote kotel tap viv la.
« Kote Bazil paka koule a », antre nan langaj popilè kominote sa Se yon tèm pejoratif kap toujou kenbe’w vivan e prezan nan lespri yo.
Se te yon antreprenè reyisi, yon gro travayè. Li te travay di konsa jis poul te ka fè levasyon pitit li yo. Yon misyon kel akonpli ak anpil siksè e anpil kouraj. Li te vrèman fyè de fanmi sa li rive bati jodia. Jan li te renmen di li ka pati anpè paske li wè rèv li reyalize. Paske se konsa li te toujou reve wè pitit li yo.
Li te gen chans jwenn sou wout li yon fanm poto mitan . Yon fanm solid « Philomise Saint-Louis » kite edel bay tout zèv li yo fòm pandan 52 lane maryaj . Ansanm yo te rive asire avni tout pitit yo. M pa kwè gen pi gwo reyalizasyon nan vi yon moun . Ke lèw prale ak konsyans ou trankil paskew te toujou byen fè devwaw kòm paran.
Bazil ALTIDOR, ke anpil nan nou te konnen sou non Tibato, kite nou, lendi ki te 06 fevriye 2023 ak 76 zan daj. Se avèk anpil tristès, anpil chagren nap prononse dènye pawòl sa yo.
Li te sousye de pitit pitit, bofi ak bèlfi li yo ak tout lòt manb nan fanmi li. Jodia tout moun sa yo òfelen de wou e de lanmou ou te konn ba yo.Bato ou manke ak tout fanmi’w.
Friday, February 24, 2023
7:00 - 9:00 pm (Eastern time)
St. James Catholic Church
Saturday, February 25, 2023
Starts at 12:00 pm (Eastern time)
St. James Catholic Church
Visits: 0
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors