Share Elianise J. Esperant's obituary with others.
Invite friends and family to read the obituary and add memories.
Stay updated
We'll notify you when service details or new memories are added.
You're now following this obituary
We'll email you when there are updates.
Share this obituary with others
Select your format and elements to print
Friday, October 23, 2026
6:00 - 8:00 pm (Eastern time)
Saturday, October 24, 2026
Starts at 11:00 am (Eastern time)
Saturday, October 24, 2026
Madam Elianise Joseph Espérant te vini sou tè a jou ki te 22 Jiyè 1951, nan yon zòn yo rele Biari, 2èm seksyon kominal de Basenble, Ayiti. Papa li te rele Eligène Espérant, manman li te rele Marie Ermancia Valcin. Alò, madam Elianise te grandi nan yon fanmiy de 11 pitit. Pami yo : 5 te déjà mouri epi 5 lòt ki vivan.
Depi li te tou piti, li te gen yon konpòtman ki te atire moun sou li. Sa vle di : renmen salye moun, pale ak moun byen, respèkte moun, pran ka moun, epi yon jan dousman. Anplis de sa, madam Elianise te renmen ale legliz ak lòt aktivite sosyal. Avèk yon tèl abitid sosyal, pandan lap evolye pami fanmiy ak moun ki nan antouraj li, li te kontinye viv ak yon karaktè de jèn fiy de byen ki t’ap prepare-l pou laveni. Alò, akoz de sans de responsabilite ke li te genyen, li te chwazi entegre li nan fè komès, paske li te toujou kwè, yon jèn fiy ki respèkte tèt li dwe aprann yon bagay pou li pat toujou depann de paran li ni de pòch mari li sèlman.
Jou vini jou ale, madam Elianise devni yon jèn fiy nòmal ki kòmanse bay je anpil jenn gason gwo okipasyon. Se konsa, apre anpil echèk anpil jenn gason te pran, erezman, ak anpil teknik, li te pran nan filè yonn nan pi bon jennjan nan epòk la ki se mesye Martin Joseph. Aprè plizyè tès, yo te marye, e Bondye te beni inyon yo ak 4 vanyan e bon pitit, 2 fiy, 2 gason ki se : Emanise, Ermie, Richemin ak Marc-Endry Joseph. Ansanm ak mesye Martin, madam Elianise kontinye fè prèv de fanm vanyan, onèt, ki pa pè mize, ki sakrifye vi li pou leve ak edike pitit li yo, paske li te remen yo anpil epi yo te renmen li menm jan an tou. Li te gen kè sansib, lè yon moun ap pale avè-l, li te toujou pran tan pou li tande sa moun nan ap di li, epi tou, li te prè poul pataje tout sa li genyen ak lòt moun. Dayè, tout moun se te fanmiy pou li.
Ebyen, nan ane 1991, nan sousi pou jwenn lavi miyo, mesye Martin te oblije detache li de fanmiy lan an direksyon de peyi etranje.Men, an 2002, mesye Martin, yon mari ki tankou lò ak dyaman ke Bondye te ba li, te antre li menm ak 4 pitit li yo isit Etazini, kote li te kòmanse goute yon mèyè fwi de lavi ansanm ak rès fanmiy lan. Malerezman, depi 2004, 2 ane pli ta, li tonbe anba yon tèrib maladi, kouche sou kabann, pa janm ka leve chita, soufri ak kouraj, jiskaske li rann dènye souf li nan jou ki te 29 Sèptanm 2026 la.
Anfen, Medam, mesye, lavi madam Elianise kite anpil souvni pozitif, yon ekzanp de fwa, de fidelite, de espri de pataj, de lanmou, de kalite de fanm solid nan lavi tout fanmiy ak zanmi ki te konnen li, epi trennen nan gwo lapenn ak soufrans :
Mari li : Mesye Martin Joseph Pitit li yo : Emanise, Ermie, Richemin ak Marc-Endry Joseph Pitit pitit li yo : Allen Bryan Toutoute, Whitney Toutoute, Hubie Martin Junior Joseph, Mikala Joseph, Courtney Joseph, Timbelia Joseph, Lanaya Joseph, Bianca Joseph, Marcus Joseph, Lange Vermilus, Lissa Benjamin. Frè ak sè li yo : Mariétha Jean- charles, Ermithe Esperant, Alisterne Espérant.Tonton ak matant yo : Issainat Valcin, Yanie Valcin, Louiselia Valcin.
Neve ak nyès li yo : Lénide Jn-Charles, Withline Jn-Charles, Fortmise Jn-Charles, Withmide Jn-Charles, Sabine Jn-Charles, Vénel Dorélus, Peterson Dorélus, Elisier Dorélus, Idieudy Dorélus,Ilanèse Dorélus, Ifonise Dorélus, junel Dorélus, Méritès Dorélus, Clotilde Sainvilma, Itana Sainvilma, Julienne Saivilma, Sénèque Télusma, Marc John Télusma, Innocent Valvin, Alnèse Bastien, Liciona Bastien, Erveline Bastien, Vénouse Bastien, Wilman Bastien, Isner Bastien, Fradnet Bastien, Idenès Bastien, Marie-Rose Louissaint, Ashly Tiblanc, Léonnette Tiblanc, Wisky Espérant, Nirolès Alexandre, Amos Alexandre, Choubert Espérant, Dorvena Espérant, Alens Espérant, Davidson Espérant, Iclénise Valcin, Filbert Valcin, Etnor Valcin, Angelot Valcin, Kenson Valcin, Gachline Valcin, Jean-Luc Valcin, Makila Petit-Homme, Elidès Petit-Homme, Inozène Petit-Frère, Eximène Petit-Frère, Azelaine Petit-Frère, Maritaine Petit-Frère, Elika Petit- Frère, Rosenie Petit-Frère, Icalmi Petit-Frère.Kouzen ak kouzin li yo : Madam Noclès Saül ak fanmiy, Michelet Saint-Fleur ak fanmiy, Yonard Saint-Fleur ak fanmiy, Jesser Saint-Fleur ak fanmiy, Elirose Sainvilma ak fanmiy, Ilionèse Sainvilma ak fanmiy, Agloïse Sainvilma ak fanmiy. Bofis ak bèlfi li yo : Wilner Toutoute, Kenson Benjamin, Elandieu Vermilus, Dieudonne Vixamar, Bervely Nelson.
Nou swete kouraj a fanmiy : Joseph, Espérant, Valcin, Sémil, Ambroise, Joaniste, Vernéus, Jn-Charles, Louis, Jn-Pierre, Trazilien, Saint-Fleur, Pierre, Louis XVI, Germinal, Amilcar.
Friday, October 23, 2026
6:00 - 8:00 pm (Eastern time)
The Family Of God Church
Saturday, October 24, 2026
Starts at 11:00 am (Eastern time)
The Family Of God Church
Saturday, October 24, 2026
Our Lady Queen of Heaven Catholic Cemetery
Visits: 1
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors