Elourdes Brianvil Profile Photo

Elourdes Brianvil

July 3, 1963 — March 25, 2026

Elourdes Brianvil

Madame Elourdes Brianvil Celnè te fèt yon jou ki te 3 Jiyè nan lane 1963 nan Lagonav; Ansagalè. Li te grandi nan yon fanmi ki te chaje ak lanmou ak anpil valè. Li se te 8èm nan yo 14 pitit. Papa li ki se te Saint Elois Celne e manman li ki se te Monvilise Monvil. Antre frè ak sè: Odette Belizaire, Adeline Belizaire, Miclaise Belizaire, Lucien Celne, Lucienne Celne, Mèmène Celne, Osnole Celne, Cletude Celne, Diuveis Celne, Gaston Celne, Boujoul Celne e Rosemina Celne. Depi nan jèn aj manmanm li te deja montre yon lespri fò, yon kè sansib ak yon lanmou san limit pou fanmi li.

Nan lane 1980, manmanm te rankontre ak papam, union sa te beni ak 4 pitit: Yvenel Brianvil, Estalia Brianvil, Yvelot Brianvil e Mispola Brianvil. Men lanmou sa pat limite sèlman ak 4 pitit li yo. Sa ki te pi gwo fyète li ak sa ki te konn pote anpil lanmou nan kè li, se bèl moman li te konn pataje ak 7 pitit pitit li yo: Chris Brianvil, Derrick Brianvil, Keisha Francois, Yasha Augustin, Keiden Augustin, Princeley Saintil e Adonaya Saintil.

Manmanm se te yon peyzan, yon fanm ki te konn kòm poul kanpe fas ak gwo kou lavia, malgre li pat gen chans pouswiv ledikasyonl men li te sèvi ak sajès li, fòs epi ak vizyon li poul te konstwi yon la vi miyò pou pitit li yo. Pi gwo rèv li se te wè pitit li yo jwenn mòsoledikasyon. Pou sa a li te arive transfòme lavi li tankou yon cheval batay, yon machin kap travay san kanpe, li pat pè mache konbyen kilomèt, pran lamè anba gwo van epi fè fas ak gwo danje pou te asure lavni pitit li. Manmanm pat janm bouke travay, se te yon fanm vanyan, kourajez e trè detèmine. Li tetoujou ap panse e reflechi ak nouvo estrateji poul afronte lavi. Se konsa nan lane 1992 manmanm te pran desizyon poul kite Lagonav poul te ka antre Tigwav nan sousi pou li te ka jwenn pi bon edikasyon pou pitit li, kote li te pase yon bon pati nan lavi li.

Nan lane 2004, manmanm te kite Ayiti poul tal chèche lavi nan yon tè etranjè; Gwadloup, malgre distans lan li te toujou rete trè konekte ak pitit li yo, se konsa li te aprann pitit fi li Estalia ta pral bay nesans ak premye pitit pitit li, li te deside retounen Ayiti apre 2 lane. Pandan plizyè lane se te kontinye viv Ayiti en absans 4 pitit li yo, yon separasyon ki te dur pou li, men sa pat rete pou lontan. Nan lane 2022 li te arive antre Ozetaini pou li te vin kontinye pataje vi li ak fanmi li.

Malgre li te deja ap goumen ak yon maladi sik, se konsa nan lane 2024 manmanm ta pral fè fas ak pi gwo eprèv nan la vi li, lòske doktè ta pral dekouvri ke manman fè kansè nan tete dwat li. Se te yon gwo chòk pou tout fanmi an, men nou te kanpe solid pou nou akonpanyel nan tout pwosès yo. Malgre li te opere 2 fwa, li te konplete kimo ak radiasyon, pandan yon ti tan espwa te sanble ap retounen kòm si nou te sou wout pou nou te gen batay la. Se konsa san avètisman yon lòt gwo chòk ta pral frape fanmi an, lè yo te aprann nou kansè a gentananvayi tout fwa manmanm. EByen nan dat ki te 25 Mas 2026 lan sou kabann lopital, Dr Phillips manmanm ta pral rann denye souf li antoure ak lanmou fanmi li.

Li kite deyè yon vid ki pap janm konble, men tou yon eritaj lanmou kap kontinye viv nan chak kè li te touche. Souvni li ap rete vivan pou tou tan nan kè nou. Repoze an pè manman, nou pap janm bliyew!!!

To order memorial trees or send flowers to the family in memory of Elourdes Brianvil, please visit our flower store.

Past Services

Viewing

Saturday, April 11, 2026

9:00 - 10:00 am (Eastern time)

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Funeral Service

Saturday, April 11, 2026

Starts at 10:00 am (Eastern time)

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Interment

Saturday, April 11, 2026

Orlando Memorial Gardens

5264 Ingram Road, Apopka, FL 32703

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Guestbook

Visits: 132

This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.

Service map data © OpenStreetMap contributors

Send Flowers

Send Flowers

Plant A Tree

Plant A Tree