Felix Larmy

December 4, 1942 — April 6, 2025

Felix Larmy

Felix Larmy. te fêt yon 4 Desanm nan ane 1942 nan Bostaj premye komin nan Dondon. Li se premye pitit Ornetis Lamy ak Ismena Jerôme. Yon fanmiy kite gen 10 pitit, men ki te vin redwi a 6. Te genyen Raymond Lamy ki pati kite nou depi ane 2001, Elie Lamy, Pierrot Lamy, Martin Newbel Lamy epi Renand Lamy.

Felix Larmy te fè etid primè li nan lekòl Divayi premye seksyon komin Grande Rivière du Nord, aprè li te fini lekol primè li, Felix te deside tounen al travay lakay li Dondon kote li te pran plezi nan fe jaden. Felix se te tèt fanmiy la, li te pran responsablite sa ak tout kè jis avan li marye. Nan ane 1963 li te renkontre ak yon bèl demwazèl yo rele Iramène Marcelus ki vin premye madanm li, yo te gen chans marye nan mwa Desanm1964. Nan relasyon sa te vin gen twa pitit : Iramis Larmy, Jorès Larmy epi Lucson Larmy. Relasyon sa ta pral dire selman 6 ane de 1963 rive 1969.

Se nan menm epok sa Felix te kite Dondon pou ale viv Okap kote li te gen chans travay nan Maison Raymond Nazon pandan 3 ane. Nan ane 1972 li ta pral kite travay sa pou rekomanse yon lot lavi nan Maison Jacques Norvela toujou nan vil Okap. Pandan Felix tap travay Okap, li te vin fe 4 pitit Suzanne Larmy kap viv Etazini, Marise Larmy, Ezeide Larmy epi Dr. Carlos Larmy ki toujou ap viv Ayiti. Apre sa Felix te decide al fè yon eksperyans nan Nasseau Bahamas nan ane 1983, men nan ane 1984 li pral pran desisyon pou li antre Etazini e se nan Pompano Beach li te etabli katye jeneral li.

Se Nan Pompano li te viv tout res tan li soti nan ane 1984 rive nan ane 2025 avan li mouri. Se pandan li nan Pompano li te decide tounen Ayiti e se la li ta pral renkontre yon jen demwazel ki rele Alène Robert, yo te vin marye e yo te fè 3 pitit.

Frè nou Felix mouri kite an tou 9 pitit ak anpil pita pitit epi li te gen chans we pitit pita pitit li yo. Li kite 4 frè, ak bèl sè, anpil neve ak nyès, anpil kouzen ak kouzin. Felix se yon moun ki te renmen fanmiy li anpil, li te ap esye tout moun, se sak fè zanmi li yo te renmen li anpil. Felix te renmen travay, li te renmen ede moun anpil ki bò kote li. Malerezman nan ane 2010 li ta pral tonbe malad e depi lè sa li komanse soufri jis rive nan jou kite 4 Avril 2025 lè li mouri lakay li nan kaban n li. Felix te viv ak nou pandan 82 ane epi 4 mwa, li te renmen bay blag anpil men m lè lap soufri. Se vre Felix pran devan li ale kite nou jodya, men nou konnen ke lap toujou rete vivan nan kè nou tout kite renmen li e kite konnen li.

Nan okasyon sa nap profite remesye tout zamni ak fanmiy kite toujou soutni li nan tout move moman maladi li yo tankou : Frè Ludovic Joseph, Dalida Larmy pitit pitit li kite toujou la pou li, Paste Jean Guerrier, frè Christmond Joseph, frè Philozard Denis, Pasteur Daniel Menard, sœur Jeannine Omeus, epi Gerard Jerôme, ak tout lot fanmiy ak zanmi li yo. Nan okasyon sa nou pataje lapen nou ak fanmiy Lamy, Jerôme, Pierre, Jean, Innocent, Robert, Marcelus. Nap di nou tout ki te akonpanye fanmiy la yon gro mèsi pou support nou, pou mesaj nou yo, pou prezans nou, ak pou apèl nou yo. Se pou nan m frè nou Feliz Larmy repoze en pè lakay Bondye Granmèt la. Mesi

To order memorial trees or send flowers to the family in memory of Felix Larmy, please visit our flower store.

Past Services

Viewing

Saturday, April 26, 2025

9:00 - 10:00 am (Eastern time)

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Funeral Service

Saturday, April 26, 2025

Starts at 10:00 am (Eastern time)

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Interment

Saturday, April 26, 2025

City of Pompano Beach Cemetery

400 SE 23rd Avenue, Pompano Beach, FL 33062

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Guestbook

Visits: 13

This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.

Service map data © OpenStreetMap contributors

Send Flowers

Send Flowers

Plant A Tree

Plant A Tree