Send a Gift
Saturday, June 22, 2024
10:30 - 11:30 am (Eastern time)
Saturday, June 22, 2024
Starts at 11:30 am (Eastern time)
Saturday, June 22, 2024
Jean Bellande Gerton fèt 6 me 1956, nan lopital general Port auPrince. Li grandi Akayè, li se pitit Louise Thomas e CeverdieuGerton. Li se premye pitit nan yon fanmi de 3, Melysée e Venante Thomas. Li fè etid Ii Akayè, primè nan lekòl St Thomas e segondè nan lycée Charles Belair. Li te vini pwofesè nan St Thomas kote li te al pataje ak lòt jèn sa li te apran nan lekòlsa.Li te yon bon bòs tayè de pwofesyon, pagen mòd li pat ka baou sèlman di li kisa ou vle, lap reyalizel pou ou.
Jean Bellande Gerton te marye ak Amelia Exantus nan l’église de Dieu de la Prophetie Akayè depi yo tou de te trè jèn .Yo teVinn fè 2 pitit kise Bella e Abelard Gerton. Epi nan ane 1992 li vini Etazini, kite fanmi li dèyè pou li te ka prepare yon demenmiyò pou yo. Nan Etazini li te travay plizyè kote e se nan Tropical roofing li Vinn pran retrèt, kote li pase plis ke 25 lane.
Bellande se te yon moun ki te renmen fanmi li anpil, li te toujoula pou yo, sipòte yo nan nenpòt kondisyon. Li te atache akmadanm li, pitit li e tout pitit pitit li yo. Li te renmen jwe ak yo.
Bellande se te yon moun ki te renmen espò anpil, espesyalmanbaseball ak basketball, li pap rate yon game Miami Heat pouokenn moun. Frè Bellande pat sélman renmen espò, li te renmenBondye epi legliz li anpil. Li te bay tout li menm nan travayBondye. Li te yon manb Shalom Community Church kote li tap sèvi Bondye e li te yon dyak tou.
Depi jiyè ane pase frè Bellande te vin tonbe malad. Li te batayanpil pou li te kontinye viv, li te fè Bondye konfyans. Menm nan maladi li te rete atache ak fanmi li e rete nan lafwa.
Bondye bay, Bondye pran ke non I beni. Nan jou ki te 6 jwen, Bondye te rele frè Bellande pou Ii te vwayaje ale jwenn li pandan ke li te antoure de fanmi li. Bellande kite dèyè anpilmoun nan tristès tankou: madanm li Amelia, pitit li Bella, Abelard e pitit pitit li Amabella, Ryan ak Taja; e san bliye bèlfiTamarika Jeanlus, bofis Arly Joseph frè ak sè: Jean Melysee e Venante Thomas.
Nyès ak neve: Fadia Petit-homme,Elyson e Melissa Thomas, Junine, Alex Pompilus, Yvens Fils-Aimé, Silmit Pierre, Ruth Petit-Homme, Jean Reynold, Enide Edmond, Jacqueline Mardilus, Jackson, John Brahams, Jean Eddy Josue.
Kouzen ak Kouzin: Pedro, Donfred, Carlo Gerton. Nicole Jauvin, Marie Louisena,Norma, Danie, Maggy Gerton.
Bofrè: Zile Pierre, Jean Enold, Edmonde e Maccene Exantus.
Bèlsè: Jeanine Pierre, Anesta Edmond e Macciane Exantus
Avèk anpil lòt fanmi e zanmi. Espesyalman fanmi espirityèl li pastè Joanem Floreal (paste Fanfan) ak tout Legliz Shalom Community Church.
Nou konnen se vre nou nan tristès, men jodia se pa dènye jou pou nou ak dyak Bellande paske nou konen yon jou nap rankontre ak li nan wayòm Bondye papa nou an.
Saturday, June 22, 2024
10:30 - 11:30 am (Eastern time)
Bethel Evangelical Baptist Church
Saturday, June 22, 2024
Starts at 11:30 am (Eastern time)
Bethel Evangelical Baptist Church
Visits: 1
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors