Cover photo for Julmiste Pierre's Obituary
Julmiste Pierre Profile Photo

Julmiste Pierre

July 8, 1946 — February 18, 2019

Julmiste Pierre

Kek ti mo sou lavi Julmiste Pierre

Kiyes ki Julmiste Pierre?

Julmiste Pierre sete yon profese, yon papa, yon mari, yon fre, epi apretou,yon bon zanmi. Li te fet nan nodwes peyi d'Hayiti nan anne 1946 de yon manman ki te rele Saintercile Lord avek yon papa ki te rele Nocles Pierre. Li te yon bon papa pou 3 pitit li, 2 gason, Julien ak Julbert Pierre, ak yon pitit fiy Julienne Pierre. Nan anne 1975 li te renkontre avek premie madanm li Palila St Julus nan vil Okap Haiti, nan anne 1979 ki te fe yo gin 4 anne ansanm, yo te chwazi kite Haiti pou ale viv nan Bahamas nan yon zile ki rele Abaco. Nan anne 1983 yo te deside pou yo marie. Kat anne apre,1987 yo te kite zile abaco pou vini nan U.S. Orlando Florida. Yo te passe ampil bon ak move moman ansanm juska 2005 malerezman yo te oblije separe pou rezon pesonel yo. Min nan anne 2009, li te juje bon ke li paka rete sel, li te chwazi pou yon deziem fwa marie avek madam Lucia Guillaumette. Li te pase toute res tan an avek madanm li Lucia jiska jou ki te 4 novanm 2018 la lel te tombe malad kote li pat janm gin chans poul manje oubiyn kominike ak pesonn, li te rete ap domi san reveye  nan lopital la nan yon domi profon depi premie jou-a ki te 4 novanm 2018 la.

Jou ki te 18 Fevrier 2019 la a 5:33 nan matin Bondie te chwazi retirel nan domi.

Nan sikonstance saa, nap voye mo kondoleans saa

Pou Madanm li Lucia Guillaumette

Pou Pitit Li Yo: Julien Pierre, Julbert Pierre, Julienne Pierre et Wilner Pierre

Pou Frel Ak Sel Yo: Durano Pierre, Derilien Pierre, Saintilia Pierre

Pou Pitit Pitit Li Yo: Ginette Pierre, Judson Pierre, Junior Pierre Youvens  Pierre et Raven Pierre

Pou Bofis ak Belfil Yo: Jocelyne Pierre, Magdala Pierre, Luckner Therlange, Fritz et Maxi Saint Julus

Pou Belse Li Yo: Cadilia et famiy,anese et famiy,Versanne et famiy

Yon gro kondoleans pou toute famiy ak toute zanmi ki afekte ak dey saa.

Zanmim sonje biyn, Yon jou pouw fet, Yon tan pouw viv, Yon jou pow mouri.

Mesi Bondie !

To order memorial trees or send flowers to the family in memory of Julmiste Pierre, please visit our flower store.

Past Services

24 Hour Viewing

Friday, March 8, 2019

Starts at 6:00 pm (Eastern time)

Pax-Villa Funeral Home Chapel-Orlando

1236 West Kaley Street, Orlando, FL 32805

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Funeral Service

Saturday, March 9, 2019

Starts at 10:00 am (Eastern time)

Eglise Evangelique Baptiste de Sion

1045 29th Street, Orlando, FL 32805

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Guestbook

Visits: 0

This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.

Service map data © OpenStreetMap contributors

Send Flowers

Send Flowers

Plant A Tree

Plant A Tree