Marie Rose Poleus Profile Photo

Marie Rose Poleus

March 26, 1948 — May 23, 2025

Marie Rose Poleus

Marie Rose Poleus te fèt 26 Mars 1948 nan vil Pòtoprens. Li se pitit Ercila Rezene ak Erisl’homme Poleus ki se moun Saint Louis du Sud e ki te gen 4 pitit. Lè l te gen 10 zan, li te antre Pòtoprens kote l te viv pandan plizyè ane. Malgre l pa t gen chans rive lwen lekòl, e malgre li te pase anpil move moman, li te itilize entelijans Bondye ba li pou l te rive reyalize anpil bèl pwojè.

Marie Rose te toujou apresye sa lavi pote pou li. Pifò moun nan zòn kote l rete se te fanatik li pou jan li te renmen epi respekte moun. Lè l te an Ayiti, li te yon timachann ki te konn travay di anpil pou l te ka okipe 6 pitit li yo. Se te yon bon manman, yon bon zanmi, yon bon egzanp pou jenn gason ak jenn fi tout kote li pase. Marie Rose te antre nan peyi Etazini 14 oktòb 2007. Li te pwofite opòtinite peyi sa a te ba li pou l te travay plis pou ede pitit li, zanmi l ak plizyè lòt moun nan fanmi an.

Marie Rose mouri kite 6 pitit: Betty Milorin, Marjorie Moise, Nelson Moise, Widy Moise, Judith Moise, ak Wilner Moise ki mouri depi kèk ane. Li kite yon sè ak de frè: Ericiane Poleus, Louis Poleus, ak Nocier Poleus ki mouri depi kèk ane. Li mouri kite plizyè neve ak nyès tou: Mirlène Saint Victor, Exelane Saint Victor, Eliene Saint Victor. Joner Saint Victor. Yvera Saint Victor, Yvonel Saint Victor, Marline Poleus, Jonel Poleus, Jacquy Poleus, Jacson Poleus, Junior Poleus, Ghernise Poleus, ak Gherby Poleus. Li kite 3 bofis ak yon bèlfi: Huguens Sainte, Lecouet Louisius. Palter Joseph, ak Naelle Cesar. Li kite 8 pitit pitit: Sandy Sainte, Santhya Sainte, Larsen Theodore, Palter Rolls Joseph, Jayden Joseph, Shanondy Moise, Jamesley Moise, ak Steeve Moise.

Jodiya nou vin rann potorik fanm sa a yon dènye omaj ki pran devan nou, men li kite bonjan egzanp pou nou menm ki dèyè.

Mèsi anpil Marie Rose pou tout sa ou te fè pou nou pandan ou t’ap viv sou tè sa a. W’ap toujou gen yon plas espesayl nan kè nou chak ki la a. Nou p’ ap janm bliye w.

To order memorial trees or send flowers to the family in memory of Marie Rose Poleus, please visit our flower store.

Upcoming Services

Viewing

Saturday, May 31, 2025

9:00 - 10:00 am (Eastern time)

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Funeral Service

Saturday, May 31, 2025

Starts at 10:00 am (Eastern time)

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Interment

Saturday, May 31, 2025

Orlando Memorial Gardens

5264 Ingram Road, Apopka, FL 32703

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Guestbook

Visits: 11

This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.

Service map data © OpenStreetMap contributors

Send Flowers

Send Flowers

Plant A Tree

Plant A Tree