Send a Gift
Saturday, January 3, 2026
9:00 - 10:00 am (Eastern time)
Saturday, January 3, 2026
Starts at 10:00 am (Eastern time)
Saturday, January 3, 2026
Mivelyne Cius te fèt nan dat 8 oktòb 1996, nan Fermathe, yon kominote ki chita nan mòn pa
lwen Pòtoprens. Li te mouri nan dat 13 desanm 2025, apre yon batay long ak kouraj kont anemi falsifòm. Lavi li te marke pa rezistans, fòs an silans, ak espwa ki pat janm febli.
Mivelyne se pitit Lerissaint Cius avèk madanm li Evelyne Momplaisir. Li te fèt nan yon fanmi ki te gen twa pitit. Lè li te fèt, sè pi gran an te deja mouri. Mivelyne te grandi kòm pi gran nan 2 pitit ki te rete yo, nan yon kay ki te chita sou lanmou, devouman, ak bon jan relasyon fanmi. Li te gen yon lyen trè solid ak paran li, ak kouzen/kouzin, et rès fanmiy ki te rete an Ayiti. Li te renmen yo anpil, e yo menm tou yo te renmen li san kondisyon. Menm lè distans te separe yo, lanmou sa a te toujou rete vivan e solid.
Apre li te imigre Ozetazini nan mwa jiyè 2024, Mivelyne te toujou rete an kontak sere ak paran li yo Ayiti, sitou sou WhatsApp. Li te manke yo anpil, e konvèsasyon sa yo te pote l rekonfò, fòs, ak lapè, menm lè li te lwen lakay li.
Mivelyne te yon moun ki rezève, men li te gen yon sans humeur dous ak entelijans. Li te konn fawouche moun tou piti, e nan fason delika pa’l, li te konn pote souri sou figi moun ki te bò kote’l. Dèyè konpòtman rezève li, se te yon fanm avèk anpil rèv, objektif, ak espwa pou lavni.
Viv avèk maladi anemi falsifòm mande yon fòs ke anpil moun pa janm oblije devlope. Malgre doulè fò et kontinyèl maladi a te pote, Mivelyne pa t janm plenyen. Li pa t janm mande “Pouki se mwen?”. Li te pote tout sa li t ap travèse ak diyite, pasyans, ak kouraj, nan yon silans ki te montre fòs kè li.
Desizyon li pou vini Ozetazini te gide pa espwa—espwa ke pi bon swen medikal ta ka pote
soulajman, gerizon, ak yon lavi miyò.
Menm si tan li te pase Ozetazini te kout, li te kite gro mak. Li te rete trè atache ak fanmi li, sitou sè li renmen anpil la, Nephtalie Cius. Tankou tout sè ak sè, yo te konn gen dezakò pafwa, men relasyon yo te chita sou lanmou, respè, ak fidelite. Yo t’ap viv ansan’m. Chak fwa Nephtalie te konn al travay, Mivelyne te toujou ap ekri li pou’l mande’l kilè li l’ap retounen lakay.
Mivelyne Cius kite dèyè li paran li yo, Evelyne Momplaisir ak Lerissaint Cius, ki ap viv Ayiti e ki ap suiv sèvis sa a, ansanm ak lòt fanmi Ayiti yo, atravè transmisyon an dirèk jodi a. Sè li ke li renmen anpil la, Nephtalie Cius, ap viv Ozetazini e li prezan avèk nou jodi a. Li te deja pèdi yon sè, Ermithe Cius, ki te mouri pa two lontan apre li te fèt.
Se gras ak lanmou ak sipò matant li ak tonton li, Elita ak Edouard Ambeau, Mivelyne te kapab imigre Ozetazini. Se yo menm tou, avèk lot fanmi Ozetazini yo, kap okipe aranjman fineray Mivelyne lan avèk anpil swen, devouman, e diyite.
Menm si Mivelyne te mouri nan lopital, dènye etap lavi li te marke pa kouraj. Li te fè fas ak
maladi a bravman jouk nan dènye moman li. Nou jwenn rekonfò paske nou konnen kounye a li anpè, san doulè, e li jwenn repo apre yon lavi ki te mande yon fòs ekstraòdinè. Nap sonje Mivelyne Cius pou sans humeur dous li, lanmou li pou fanmi, rezistans li, rèv li ak espwa li ki pa’t janm fini. Souvenir li ap viv pou tout tan nan kè tout moun ki te renmen li—
malgre distans, malgre fontyè, e pou tout tan nan lespri nou.
St. Francis Xavier Catholic Church
St. Francis Xavier Catholic Church
Fort Myers Cemetery
Visits: 3
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors