Invite friends and family to read the obituary and add memories.
We'll notify you when service details or new memories are added.
You're now following this obituary
We'll email you when there are updates.
Select your format and elements to print
Send a Gift
Friday, June 19, 2026
6:00 - 8:00 pm (Eastern time)
Saturday, June 20, 2026
9:00 - 9:30 am (Eastern time)
Saturday, June 20, 2026
Starts at 9:30 am (Eastern time)
Saturday, June 20, 2026
En Juin 1925 sou 4 eme jour, Bondieu te béni Monsieur Zime Senord et Madame Eruzila Joseph avec yon belle ti pitit fille ki rele Philomene Senord. Li te fet nan yon commin ki rele La Croix St Joesph en Port De Paix, Haiti. Nan tan jeune fille li Philomene Senord te pati avec paran li, yo te ale La Tortue. Pandan li La Tortue se la li te rankontre avec Dorilus Tido. En 1945 Philomene Senord avec Dofilus Tido te marye.
Philomene et Dorilus te gro cuiltivateur nan La Tortue. Yo te travay la terre ansam epi yo te fe 11 pitit ki sete 9 famn et 2 garcon. Pandan Philomene tap viv li antere 7 pitit ki te rele Janet Tido(F), Anelia Tido(F), Annette Tido(F), Arulus Tido(M), Louise Tido(F), Semerite Tido(F), Dorissaint Tido(M). Et li te antere mari li Dorilus Tido en 2007.
Avec mari li yo te elve 11 pitit en La Tortue. Li te telman te renmen moun et li te toujou ap bay moun. Lakay Philomene te yon gran lakou ki te plen lajwa et kontantman. Tout granmoun et ti moun sou katye’a te renmen vin pase tout jounen yo nan lakou’a. Et tout moun sou katye’a te rele li “La Mere” paske li sete yon manman pou yo tout.
Le mari li vin travase Bahamas, li fe Madamn li travesee Port De Paix avec timoun yo. Pandan Philomene Port De Paix li continue fe ediukasyon pitit li yo. Et pandan Philomen fin eleve pitit pa li yo, li te okipe 12 pitit a pitit li aussi. Et li kontinye fe belle jes avec tout Moun ki nan antouraj li. Philomene te toujours continue travay li kom yon kormensan et li tap vann nan mache Port De Paix.
En 1989 Philomene te voyage vini Etas-Unis, et li pa jame retounne an Ayiti. Seul travay Philomene fe en Florida se ede okipe tout pitit a pitit ki fet Etas-Unis yo. Pandan Philomene ap ede pitit li yo avec pitit a piti li yo, nou vin chanje non li a GRAN. Et pat gen yon moun ki te rekonnet Philomene Senord ki pat rele li GRAN. Mem moun ki te mache nan mem L’Eglise avec Philomene pat konne vrai non li. Seul moun ki te konne non li se Pasteur li.
Gran sete yon moun ki te remen souri et li toujou renmen mete yon souri sou lev moun ki bokote li. Gran sete yon moun ki toujour renmen bay a nempot moun ki nan antouraj li. Lavie ke Gran te viv avec nou te plen lajwa et plen konsey.
Philomene “GRAN” Senord kite yon eritaj ki se Maria Tido, Madamn Claude Joseph nee Marie Tido, Marie Therese Etienne, Bertha Tido avec 32 pitit a pitit, 35 pitit pitit a pitit, 3 pitit pitit pitit a pitit.
Ki se yon total 5 jenerasyon. Ke nam Philomene “Gran” Senord repose en Paix!
Pax-Villa Funeral Home Chapel-Orlando
Church at the Cross
Church at the Cross
Woodlawn Memorial Park
Visits: 1
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors