Send a Gift
Saturday, May 24, 2025
9:00 - 10:00 am (Eastern time)
Saturday, May 24, 2025
Starts at 10:00 am (Eastern time)
Saturday, May 24, 2025
Rigauguel Moise, nou te bal yon ti non (gogo). anpil moun se sou non sa yo te konnenl. gogo te fèt 13 septanm 1980, Ayiti, nan komin Tomazeau. Depi li te piti, gogo te montre yon sans responsabilite ak swen pou moun ki bò kote li, kalite sa yo se sa ki te make lavi li epi kite tras li dèyè.
Li se Pitit Ollicia Jean ak Walter Moise, Gogo te grandi nan mitan yon gran fanmi ki te ini anpil. Li te pase anfans li ansanm ak frè, sè epi fanmi li yo. li kite deye 4 frere 2 se. Ansanm, nou te kreye bèl souvni ki te akonpaye li pandan tout chemen lavi li. Gogo te fè premye etid li nan École Nationale des Décloches, kote tout moun te konnen li pou detèminasyon ak jantiyès li. Li te kontinye lekòl li nan colege Remy Michelle kwadebouke, kote li te devlope kapasite ak rèv li pou lavni. lan lane 2009, Rigauguel te pran desisyon pou li kite Ayiti. Li te fè vwayaj sa a ak espwa pou l bati yon lavi miyò pou tèt li ak fanmi li. Nan peyi isit etazini, li te travay kòm ajan sekirite epi li kon chofè tou, kote moun te respekte li pou seryezite li ak devouman li.
Gogo te rankontre ak mennage li Sylvie Polisca. apre kelke ane yo te deside marye. Ansanm, bondye fe yo kado youn pitit gason, ki rele, Emmanuel Moise. Gogo se te yon papa ki te remen pitit anpil anpil. rev li, se pou te we pitit li kap tradye nan high school ak colege. malerezman avi a pa pemet sa. Nou tout ap toujou sonje bèl souveni ou yo. Menm si ou kite mond sa, memwa li ap toujou viv, kòm prèv yon lavi ki te ranpli ak lanmou, kouraj, determinasyon, ak espwa.
Repoze an pè, Gogo. nou pap janm bliye ou.
Saturday, May 24, 2025
9:00 - 10:00 am (Eastern time)
Pax-Villa Funeral Home Chapel-Orlando
Saturday, May 24, 2025
Starts at 10:00 am (Eastern time)
Pax-Villa Funeral Home Chapel-Orlando
Visits: 60
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors