Invite friends and family to read the obituary and add memories.
We'll notify you when service details or new memories are added.
You're now following this obituary
We'll email you when there are updates.
Select your format and elements to print
Send a Gift
Saturday, June 20, 2026
9:00 - 10:00 am (Eastern time)
Saturday, June 20, 2026
Starts at 10:00 am (Eastern time)
Saturday, June 20, 2026
Jodi a, se avèk anpil fyète, men tou ak anpil emosyon, mw kanpe de nou pou mw pale de manman nou, pou moun ki pat konnen de li, pandan pasaj li sou tè an. Kote 2 paran li yo, ki se Mesye Noclès Jules (desede) ak Madanm Saintercil Lor (desede) tap pral bay nesans ak Madanm Saintilia Pierre di (Ti fanm pou tout moun), yon 2 Jiyè 1972, nan yo n fanmiy ki te genyen 7 pitit. Kote li te sèlman fi pami tout 6 gason yo ki se Julmiste Pierre (desede); Clercius Jules (desede); Innocent Jules (desede); Innacio Jules (desede); Durano Jules; ak Derilien Pierre. E li tap vin etabli pwòp fanmiy biwolojik li, pandan li tap bay nesans ak 4 pitit ki se: Jerry Decius, Frantz Decius, Excelandra Britus, ak Cassandre Britus. Nan jou Mèkredi ki tap pral 3 Jen 2026 lan, nan lopital Florida Medical Health, li tap pral rann denyè soupi li a 9è48 nan maten. Pandan tout lavi li, li te yon fanm vanyan, yon fanm fò, yon fanm ki pa t janm lage. Li te leve kat pitit li yo, de gason ak de fi, san èd okenn gason bò kote l. Malgre tout difikilte lavi te mete sou wout li, li te toujou jwenn fòs pou l kontinye goumen pou byennèt pitit li yo.
Manman nou se te yon moun ki te renmen tout moun ak tout kè li, san ipokrizi. Men, plis pase tout bagay, li te renmen pitit li yo anpil. Li te toujou pare pou fè nenpòt sakrifis pou wè nou byen. Lanmou li te genyen pou fanmi li pa t gen limit.
Men, manman nou pa t sèlman yon manman. Li te yon zanmi, yon konseye, yon gid. Se pa sèlman pou pitit li yo li te toujou la, men pou tout moun ki te gen chans kwaze chemen li. Li te toujou gen yon bon pawòl, yon bon konsèy, oswa yon mo ankourajman pou moun ki te bezwen sa. ( si nou kwe nou manti mande fanmi, zanmi nou ak antouraj li ki chita la nan assnble a jodia). Menm lè li pa t gen anyen, li te toujou dispoze ede lòt moun. Souvan, li te konn pito mande prete pou l te ka lonje men bay yon moun ki te nan bezwen.
Malgre li pa t janm gen chans fe yon Gwo klas avanse, manman nou te konprann enpòtans edikasyon. Avèk anpil kouraj ak sakrifis, li te rive fè kat pitit li yo fè etid yo. Jodi a, li gen pitit li ki se moun ki fini inivèsite e ki ap pouswiv etid siperyè yo. Sa se youn nan pi gwo viktwa li kòm manman.
Li te fè tout kalite travay ak tout kalite komès pou l te kapab pran swen pitit li yo epi ofri yo yon pi bon avni. Li pa t janm pè travay, paske rèv li se te wè pitit li yo reyisi.
Yon nan bagay manmanm te toujou di nou se respekte tout moun piti kou gran, tout moun se te matant tonton. E se lel pa gen anyen poul ban nou li pito fe nou chak mete yon grenn sel anba lang nou poun domi.
Pandan li te vivan, nou te toujou fè efò pou montre li jan nou te renmen li. Men jodi a, nou vle di li yon lòt fwa ankò: mèsi. Mèsi pou tout sakrifis ou te fè pou nou. Mèsi pou lanmou san mezi ou te ba nou. Mèsi pou bèl egzanp ou kite pou nou. Mèsi paske ou te yon manman san parèy.
Nou vle fè w konnen ke n ap toujou fyè dèske nou se pitit ou, menm jan ou te toujou fyè de nou pandan ou te vivan. Nou pwomèt pou nou kontinye mache sou chemen ou te trase pou nou an epi suiv tout valè ou te anseye nou yo.
Lanmò se yon etap nou tout dwe pase yon jou. Bondye bay lavi, e se Li menm ki reprann li lè moman an rive. Menm si doulè a gwo anpil, nou aksepte volonte Bondye epi nou priye pou Li kontinye beni nou epi ban nou fòs pou nou kontinye.
Komè (sete sinon pitit li yo te ba li). Komè,kat pitit ou yo ap toujou viv yon fason ki ap fè ou fyè, menm jan ou te toujou vle sa. Souvni ou, lanmou ou, ak tout sa ou te reprezante pou nou ap rete vivan nan kè nou pou tout tan. Ou ka pa la fizikman men wap toujou rete vivan nan nou a jamè. Pou fini ou pa gen pou regret anyan men pito pitit a pitit ou yo se yo ki gen pou regret de ou, paske ou akonpli misyon ou a deja e ou kite yon eritaj kap toujou vivan de jenerasyon en jenerasyon. Sak fe fyetew pouw ale anpè se paske pou tout saw tap redi yo ou te komanse we yo nan fason pitit ou yo te toujou few fyè.
Repoze an pè, komè. Nou renmen w jodi a, demen, epi pou tout tan.
Saturday, June 20, 2026
9:00 - 10:00 am (Eastern time)
Church of God of Salem
Saturday, June 20, 2026
Starts at 10:00 am (Eastern time)
Church of God of Salem
Washington Park Cemetery
Visits: 3
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors