Mme Clercilia Georges nou tout te konnen sou non tant “Man Zo” te pitit Annaïda ak Claircius, pati kite nou pou letènite. Men nou tout la ki te konnen’w e renmen’w tou, reyini ansanm pou nou ran ou yon denyè omaj e montrew kijan nou te renmen’w ak apresye’w kom yon gran paran, yon manman, yon tant. Yon grann, yon kouzen, e kom yon zanmi.
Jodi tant Man Zo ou ale, men ou kite anpil vid nan nou parapo ak sa ke’w te reprezante pou chak grenn nan nou. Disparisyon’w nan vi nou pap janm rive konble. Si nou te ka reveyew anko pouw te ka tounen an vi, men elas! Li pa posib.
Tant Man Zo te fèt yon 8 desanm 1948 nan Oboy kot de Fè. Jan anpil nou konnen tant Man Zo te vin soufri ak maladi Sik ak tansyon. Tant Man Zo te arive fè plisyè stroks ki te ran’n li paralize e li te oblije e al pran swen entansif nan yon mezon sante pou yon bon ti tan. Aprè anpil konba ak lavil,tant Man Zo te kite noun a dat ki te 18 Aout 2023 a 5 è nan aprè midi nan lopital FMC.