Photography

Olguine Solius

July 6, 1993 ~ September 24, 2023 (age 30) 30 Years Old

Olguine Solius Obituary

Se te nan ane 1993, Bondye lavi a deside mete sou té sa a yon bél tifi .Dat sa a se te 6 jiyé 1993. Manman li te chwazi rele li Olguine men lavi pat janm fasil Pou li paske tou piti li te gen yon gwo maladi dokté te menm di si li ta Geri li gen chans Pou li pa janm nômal men bondye fé gras AK moun li vle.Olguine tap Grandi li te ale lekôl menm Jan AK tout timoun men li pat janm briyan nan lane 1997 li pral kite Kwa kôk Pou li Vini abite kafou chada e se la ankò lanati pral frape li AK yon gwo maladi nan lane 2013 depi lé li pa sispann soufri fanmi an fé tout sa yo Konnen Pou te jwenn yon moso la sante men anyen pat mache.Olguine pat yon moun ki te pafé li te gen anpil defo men li te sansib anpil e li te renmen moun.maladi a te fé li soufri anpil men li pat janm sispann renmen bondye.chan desperans li AK bib li se te pi bon zanmil.Nan lane 2020 yon evénman pral pase nan lavil bondye pral fél kdo yon pitit fi ke li deside rele olbiata non li di ke li jwenn nan bib la menm si li pa Ka montre okenn moun nan ki chapit nan bib la.finalman apre anpil soufrans Jou ki te 24 Sept 2023 bondye pral deside relel." Bondye bay bondye pran ke non li beni"Olguine ou ale kite yon gwo vid nan mitan fanmi an, Nou pap Janm bliyew nonw ap toujou rete Pou tout tan nan memwa Nou Nou pat toujou antann Nou sevre men mwen te renmen l anpil mwen pa imajine koman Nou pral viv San li.Olguine Nou renmenw e wap toujou vivan nan lespri Nou Ke bondye lavi a few gras.

Friends and family have shared their relationship to show their support.
How do you know Olguine Solius?
We are sorry for your loss.
Help others honor Olguine's memory.
Email
Print
Copy

Services

Open Viewing
Saturday
October 7, 2023

9:00 AM to 10:00 AM
First Haitian Free Church of the Nazarene
220 S. Orange Blossom Trail
Orlando, FLORIDA 32805

Funeral Service
Saturday
October 7, 2023

10:00 AM
First Haitian Free Church of the Nazarene
220 S. Orange Blossom Trail
Orlando, FLORIDA 32805

Interment
Saturday
October 7, 2023

Washington Park Cemetery
2700 Bruton Blvd
Orlando, FL 32805

SHARE OBITUARY

© 2023 Pax-Villa USA Funeral Homes. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility